Article Published

Article_wenski-miami-creole-easter-sunday-haitians

Homilies | Sunday, April 21, 2019

Li wè, li kwè

Archbishop Wenski's Easter Sunday homily with Haitian community

Archbishop Thomas Wenski preached this homily during Easter Sunday Mass, April 21, 2019, with the Haitian community at St. Mary Cathedral, Miami.

“Li wè, li kwè.” Se fason Sen Jan wè dra poze a ki fè l kwè, se pa Jezi menm li wè ki fè l kwè. Li fè yon rezonman, lè l wè kijan dra rete nan pozisyon li te vlope Jezi a, san li pa chifonnen, se komsi moun ki te ladan l nan te soti san l pa defèt dra a ki te vlope l la. Jezi soti tankou se travèse li travèse dra a, dra a vin tounen tankou yon balon ki te gonfle; epi, ki vin degonfle. Sen Jan egzamine, epi li di nan kè l, se pa wete yo wete kò l, se leve li leve byen vivan. Se konsa nan aswè Jezi ap vin antre nan mitan group patizan l yo, anndan kay la kote yo te rasamble sa, san l pa louvri okenn pòt. Li pat bezwen defèt dra a tou pou l te soti. Li soti tankou limyè solèy ki travèse yon fenèt vitre. “Li we, li kwè”. Sign sa sa kesyone l, li ba l konsanman li. “Li wè, li kwè”.

Apre sa li sèvi temwen, pou nou menm tou, nou vin kwè.

Nan leve li leve sot nan pami mò yo, Jezi fè nou tounen byen ak Papa l. Sa nou rele rekonsiliyasyon. Se li menm yo mande nou nan batèm nan: pou nou mouri abnegad peche pou n leve byen vivan ak Kris la.

Se li li menm nou deklare jodia Dimanch Pak: apre mwen fin preche, m ap pran dlo mwen te beni nan nwit Pak la, pou m voye l sou tèt nou kom souvni batèm nou.

Jodi a menm, Bondye Papa a wete Jezi anba pouvwa lanmò, e poutèt Jezi, li kase tout chenn esklavay sou tè a, nan lanmò Jezi yo plonje n, pou n antere tout peche n yo, pou n debarase ak tout vye lide n yo, pou n rache tout move santiman nan kè n. Konsa, sa Adan te gate, Jezi vin remete an fòm. Nan li, gras a batèm nou, nou tonnen frè ak sè l yo.

Nou gen pou n renouvle angajman nou te pran jou nou te batize a: pou nou pa viv pou tèt nou ankò, men pou nou viv pou Bondye ak pou frè ak sè nou yo.

Epi, sonje sa byen: nou te batize pou nou ka kominye – sa vle di, pou nou fè youn ak Bondye nan manje nou manje Kò ak San Kris la. Konsa, fè Pak nou, vle di: antre pi fon nan mèvèy sa pou nou viv li ak plis konsyans jiska nou rive viv li ansanm ak Kris la nan peyi rwa li ki nan syèl la.

Nan fèt Pak, Jezi fè tout bagay vin nouvo – li ban nou yon lavi tou nèf. Lavi sa a se yon bèl kado li ye pou nou; men an menm tan se yon rekonsabilite pou nou – pou nou pa viv nan fenwa men nan limyè a.

Lafwa se mache komsi nou te we Bondye an fas. An tou sa n ap fè, se pou nou viv nan prezans Granmèt la. Sen Pyè di nou, nan premye moso labib la, tout moun ki kwè nan Jezi, yo resevwa padon peche yo. Deklarasyon sa a chita sou mesj Pak la. Sen Pye te fek fin anonse: yo te touye Jezi, men, Bondye fè l leve 3 jou apre, li fè l parèt devan temwen li te chwazi dawi davans.

Se pou nou sèvi Jezi temwen, lafwa se yon flanbo kap klere chemen frè ak sè l. Pandan Karèm nan, nou sot eseye konprann pi byen kilès Bondye ye pou nou. Nou wè jouk ki pwen li renmen n: jouk Jezi bay tèt li pou nou.

Pak vle di pasaj: Pak jwif se te lè Moyiz te mennen pèp Izrayek sove kite peyi Legip, peyi esklavaj la. Yo pase nan lamè wouj la pye yo sek pou yo rive nan tè pwomès la. Pak pa nou, Pak Nouvo Kontra a, se lè Jezi pase sot nan lanmò al nan lavi. Se pa dlo lamè wouj ki sove, se dlo batèm lan ki plonje n nan lanmò Jezi Kri a, pou nou leve byen vivan avè l nan yon lavi tou nèf.

Se tankou bxt yo rele cheni a. Toutotan li rete yon cheni, fò l viv nan kx soti, paske li bliye rale sou vant li nan labou santi san li pa konnen kilè yon malfini pral pran pou l manje l. Men, jou a rive, cheni antre nan yon ti niche ki vlope kò l, ki sanble tankou yon ti tombo, epi, le jou rive, li soti yon papiyon.

Konsa, pou li tounen yon papiyon – ki bèl, ki lib paske li ka vole – fò l te aksepte mouri pou lavi cheni a. Nou menm tou, fò nou mouri pou lavi cheni pa nou, lavi peche, lavi kè sote, lavi ki pa lavi, pou nou ka leve ansanm ak Kris la, nan abiye nou abiye n ak lavi Bondye a.

Li wè, li kwè. Li wè pou nou kwè.

Powered by Parish Mate | E-system

This site is protected by reCAPTCHA and the Google Privacy Policy and Terms of Service apply