By Rocio Granados - La Voz Catolica
Archbishop Thomas Wenski preached this homily during a funeral Mass for Father Gerard Dormevil, 69. Father Dormevil was a priest of the Diocese of Gonaives, Haiti, where he served as diocesan director of Caritas as well as pastor. He died March 18, 2025, in Broward County after an extended illness. Due to the enormous crisis in Haiti, Father Dormevil’s funeral and burial took place in the Archdiocese of Miami. The Mass was celebrated at Our Lady Queen of Heaven Parish in North Lauderdale, March 28, 2025.
Frè m ak sè m yo,
Kondoleyans pou fanmi Pè Jera; kondoleyans pou Monsenyè Paen ak tout pè dyoeèz Gonayiv yo, kondoleyans pou fidxl ak zanmi Pè Jera. Pran kouraj, Bondye nou an se yon Bondye lavi. Tankou Jezi di n nan moso levanjil la: Kwè nan Bondye, kwè nan mwen menm tou. Lakay Papa m gen anpil kote pou moun rete.
Fòk lafwa ban n limye pou nou ka mache menm mitan fenwa sa a ki twouble n. Jodi a, devan lanmò yon frè, devan sitiyasyon malouk peyi a ap travèse, nou ka vle mande Bondye “poukisa?
Mezanmi, nou gen dwa mande Bondye sa a, epi nou gen dwaa pou li reponn nou, pou li eksplike nou poukisa malè sa yo rive nou. Nou bouke…nou fristre… se kriye n ap kriye, Bondye, koute rèl nou, reponn nou, souple….
Wi, nou gen dwa mande Bondye pou l fè n konprann poukisa bagay sa yo rive nou.
Epi, Bondye ap reponn nou. Men, petèt li pa reponn nou koulye a, epi se tann pou nou tann jiska nou rive lòt bò dlo a pou nou tande reponns li. Anantandan, fò nou genyen kalite pasyans Jòb te genyen. Lè malè yo tonbe sou tèt Jòb, yon sèl lapenn pran l, li chire rad sou li, li koupe tout cheve nan tèt li, li lage kò l ate, li bese tèt li. Epi, li di:
“San anyen m soti nan vant manman m. San anyen m ap tounen anba tè, se Granmèt la ki bay! Granmèt la pran! Lwanj pou Granmèt la”
Malgre tout malè sa yo ki t rive l, Jòb pat fè okenn peche,ni li pa janm di sal i pat dwe di sou Bondye.”
Wi, se tann pou nou tann pou Bondye devwale ban nou sekre l yo, pou nou konprann poukisa malè yo frape n toulejou. Men, pandan nou toujou la, sou tè mizè sa a, Bondye ban nou yon pawòl kamenm: se Jezi Kri. Nan Jezikri ki soufri, ki mouri, epi lè fini, ki leve byen vivan, Bondye vle pou nou konprann nan zafè moun yo sou tè a, se pa lanmò, se pa soufrans ki pral genyen denye mo a, men se Bondye menm kap di denyè pawòl la.
Kote m prale a, ou konn wout la, Jezi di Toma. Li di l, li se wout la, li se verite a, li se lavi a. Se pou nou mache sou wout sa, se pou nou rete fidèl ak verite sa, pou nou jwi nan lavi sa a li pwomèt nou an.
Anpil fwa, nou menm pè yo, nou pa fin konprann byen enfliyans pou byen oswa pou mal nou genyen sou moun nou kontre nan ministè nou kom prèt. Mwen espere kounye a, Pè Jera okouran enfliyans pou byen li te genyen nan lavi anpil moun nan dyosez Gonayiv ak nan legliz d’Ayiti Toma.
Mwen te rive fè konesans ak anpil pè nan dyosèz Gonayiv. Sa gen 10zan konsa, Monsenyè Paen envite m preche yon retrèt pou toout pè yo nan dyosèz li. Men, menm anvan sa, m te konnen Pè Cineus ak Pè Castelly (frè Pè Castelly se te dantis mwen). Konsa, mwen konnen Pè Jera se te yon poto mitan pou Legliz Gonayiv la. Yon kirè, yon dirèktè Karitas, men yon frè pou pè yo, yon zanmi pou plis pase 40 an pou pè Wawa, koulye a, achevèk Pòtoprens. Nou di Bondye mèsi pou kantite byen Pè Jera fè kom prèt Jezi Kri.
Gen yon lyen espesyal ki ini nou menm pè ak pè Jera. Lyen espesyal sa a “pi fò pase lanmò” paske nou te sakre prèt pou tout tan tankou Mèlkisedèk nan tan lontan.
Nou menm, prèt yo, nou konnen pwòp feblès nou an, e konsa nou pap ezite mande nouu lapriyè nou pou li; epi lè nou mouri, nou sipliye nou lapriyè nou yo pou nou.
Jan Pòl ki sen di moun Korent yo: Nou tout ki pòte richès Bondyes a a nan kè nou, nou tankou vèso ki fèt ak tè. Tou sa se pou tout moun ka wè kokenn chenn pouvwa sa a pa soti nan nou, men se nan Bondye li soti.
Epi Pòl ajoute: Mwen jwenn tout kalite difilkite, men, mwen pa janm kwense nèt. Mwe konn rive nan sitirasyn mwen pa konn ni sa pou m fè, mi sa pou m di. Men m pa janm pèdi espwa (2 Korent 7)
Konsa, nou gen konfyans renmen Jezikri ki te rele nou pou nou sèvi Legliz li a kom pè pi fò pase lanmò.
Syèj Paskal la kanpe bò kote sèkèy la nan chak mès antèman menm jan li kanpe bò fonten batèm yo. Senk grenn lansan reprezante senk blesi Kris la. Senk grenn sa yo ki nan fòm yon kwa yo ankadre pa lèt grèk, Alfa ak Omega, ki senbolize Kris la - kòmansman ak finisman. Lè chandèl la limen apre yo beni nouvo dife a nan aswè Samdi Sen an, prèt la konn lapriye jan Pè Jera te konn lapriye, lè li te selebre veye paskal la: "Se pou limyè Kris la, ki leve nan tout bèl pouvwa l, disparèt fènwa nan kè nou ak nan lespri nou."
Pawòl Sen Pòl konsole nou tou: “Si nou te mouri ansanm ak Kris la, nou kwè n ap leve avèk li tou”.